Mwen rele Lwijan
Sou rèy Papa Dok, vil Gonayiv te chaje tonton makout ak ponyèt yo te lou ak pouvwa. Se te baz lame kanson fè diktatè a. Yo te kontwole vil la tankou lèt yo te genyen sou dife. Yo te genyen dwa de vi e de mò sou nenpòt sitwayen. Apre Bon Dye nan syèl la, koko makak la se nan men Divalye li te ye. Moun Gonayiv t ap viv nan lapenn ak kè sote, yo te pè ni lajounen, ni lannwit. Vwazen pa t kapab rele vwazen paske tout moun te sou djak. Yo te louvri de bra yo anlè, pou yo te preche egzòd 14 v. 14. Pa t genyen moun ki te kapab gade tonton makout yo nan je. Yon sèl lòm nan epòk la, ke kòd lonè li te kwoke wo, ki te kale je li nan je yo, et di yo: “madigra mwen pa pè ou, se moun ou ye.” Li te genyen misyon pou li te pwoteje e konbat tout fòm lenjistis ke populasyon an t ap sibi anba men rejim divalyeris la, li te rele Lwijan.
Port-au -prince, Haiti